Ekwasyon

 
Ekwasyon

van bouch pa chavire bato
mikwo pa revòlvè
e si laverite te konn blese vre 
filaligati t ap twò piti
pou pyese figi gwo palto isit

mete zèl li nan fouwo
mouri poul ou ti yason
jounalis isit se pwoteyin
manje byen balanse 
pou nouri vant kòchon

m di w ankò
mete zèl li nan fouwo
mouri poul ou

konesans se zam 
plis liv se minisyon
egal Matisan bibliyotèk

ti yason
mete zèl li nan fouwo
mouri poul ou
m p ap di w sa ankò

©️Florestal le Moine
















Suiv nou sou INSTAGRAM
oswa sou paj FACEBOOK nou


Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Urgence