Articles

Affichage des articles associés au libellé pwezi kreyòl

Ekwasyon

Image
  Ekwasyon van bouch pa chavire bato mikwo pa revòlvè e si laverite te konn blese vre  filaligati t ap twò piti pou pyese figi gwo palto isit mete zèl li nan fouwo mouri poul ou ti yason jounalis isit se pwoteyin manje byen balanse  pou nouri vant kòchon m di w ankò mete zèl li nan fouwo mouri poul ou konesans se zam  plis liv se minisyon egal Matisan bibliyotèk ti yason mete zèl li nan fouwo mouri poul ou m p ap di w sa ankò ©️Florestal le Moine Suiv nou sou  INSTAGRAM oswa sou paj  FACEBOOK  nou

Poukisa w ekri yon rekèy powèm san pou san kreyòl ayisyen ?

Image
 Florestal le Moine, Koute repons otè a bay ak nou : Jwenn repons lòt kesyon otè a reponn sou Radote lè w klike sou ekriti souliye ki apre a : <<Repons avan yo <<

Pourquoi radoter ?

Image
 Pourquoi radoter ? La réponse tout de suite avec l'auteur : Précédemment "Que signifie Radote?" Cliquez  ICI  pour voir la  vidéo

Que signifie Radote ?

Image
 Qu'est-ce que Radote ? La réponse de l'auteur,  c'est ici : Pourquoi Radote ?  La réponse avec l'auteur,  cliquez 

Anba wòb manzè

Image
 Anba wòb manzè IG : florestal_le_moine  Manzè kite m pale Se pa lestomak mwen Non ki glise Se verite a ki gen bled anba pye l Luil badijonnen woul li Ki fè tout koukouy ki pèdi fren Al klere anba wòb ou Lafimen pa moute san dife Dife w anba wòb ou  Lafimen w se nyaj lansan K ap fofile sot anba chita w Manzè raje w pa bay anvi sakle l non Wayòm vetivè ak sitwonèl sa pa p detui Toutotan bazilik trese tèt mòn ou Lakansyèl ap toujou jwenn bonèt Pou foure tèt chòv li Manzè depi dènyè fwa  Bouch mwen t al soule l nan sous ou a Ou pa janm kite m yon pa Sant anba wòb ou  Pa kite bonnanj mwen dòmi L ap takle pye lonbray mwen  Tout jounen tout lannuit Manzè o vin leve l non Vin leve malediksyon w lan Sou do lakonsyans mwen M anvi trankil Vin pran pwa grate w la Anba wòb ou pa kite somèy Nan je bwagèt mwen non M anvi sove nanm mwen Men kòman pou m fè ? M priye sèt sen, rele sètmil nachon Sant anba wòb ou rete la Devan pòt nen m Si w konn deransya Ki vin touche kòb sò...

L'Oeil et l'Oreille

Image
  L'oeil et l'oreille (Fable) Il est arrivé dans un passé lointain Que, las de leurs maux, ces deux voisins Se rencontraient chez le doyen sorcier des bois,  Cherchant tous deux le pouvoir et le droit De la parole -le hasard tramait leur leçon.  Arrivés, déjà devine le devin, Seul par l'image et sans le son, Leur désir fervent à force de vin,  Les plaça dans une tête où sans détours Ils fusaient leurs plaintes, chacun à son tour. L'Oeil, enthousiasmé d'avoir l'organe,  Fit sortir de sa gargane : "Dès leur naissance, je fais mon devoir.  Oui, sans tromperie, je les permet de voir. Mais une jalousie me rend fort déçu : Je me déteste puisque je suis sourd Et même les vacarmes les plus lourds Près de moi passent inaperçus; Tandis que toi voisin une fête est ton temps : Aux doux mots des amoureux tu sembles si content ! Tu vis la vie de mon avis,  Tout ce que j'ai en grande envie." Son aveu ainsi terminé en pleurant,  L'Oreille expira un nuage de so...

Tout bèt jennen mòde

Image
Tout bèt jennen mòde M pito mouri entoksike  Nan rale lafimen Chicha kawotchou sou beton Olye se nan fouk kabann Pou lafen fann fwa m M pa moun, m se yon bèt Grangou achte mounite m San yon goud M bouke koud Gout laswè m Sou tisi pousyè lari Pou se san soupe  M pase aswè m Pa gen myèt lespwa ki rete  Alò m soti kwòk kòk mwen M ap batay Se pa pou mwen ankò Se yon jòf demen M ap machande pou pitit mwen Alò m la La sou beton an ap trase kata Anba wòch ak gaz lakrimojèn Kòm pa gen krè Ankò pou ekri mo jèn Rele m zonbi M la sou beton an Ap chèche grenn sèl Pou zantray mwen Pa gen lespwa ki rete  Kanari l sèch, sous li tari  Men m pito mouri nan chèche Olye se nan rete tann