Tout bèt jennen mòde
Tout bèt jennen mòde
M pito mouri entoksike
Nan rale lafimen
Chicha kawotchou sou beton
Olye se nan fouk kabann
Pou lafen fann fwa m
M pa moun, m se yon bèt
Grangou achte mounite m
San yon goud
M bouke koud
Gout laswè m
Sou tisi pousyè lari
Pou se san soupe
M pase aswè m
Pa gen myèt lespwa ki rete
Alò m soti kwòk kòk mwen
M ap batay
Se pa pou mwen ankò
Se yon jòf demen
M ap machande pou pitit mwen
Alò m la
La sou beton an ap trase kata
Anba wòch ak gaz lakrimojèn
Kòm pa gen krè
Ankò pou ekri mo jèn
Rele m zonbi
M la sou beton an
Ap chèche grenn sèl
Pou zantray mwen
Pa gen lespwa ki rete
Kanari l sèch, sous li tari
Men m pito mouri nan chèche
Olye se nan rete tann

Commentaires
Enregistrer un commentaire