Anba wòb manzè

 Anba wòb manzè

IG : florestal_le_moine 















Manzè kite m pale

Se pa lestomak mwen

Non ki glise

Se verite a ki gen bled anba pye l

Luil badijonnen woul li

Ki fè tout koukouy ki pèdi fren

Al klere anba wòb ou


Lafimen pa moute san dife

Dife w anba wòb ou 

Lafimen w se nyaj lansan

K ap fofile sot anba chita w


Manzè raje w pa bay anvi sakle l non

Wayòm vetivè ak sitwonèl sa pa p detui

Toutotan bazilik trese tèt mòn ou

Lakansyèl ap toujou jwenn bonèt

Pou foure tèt chòv li


Manzè depi dènyè fwa 

Bouch mwen t al soule l nan sous ou a

Ou pa janm kite m yon pa

Sant anba wòb ou 

Pa kite bonnanj mwen dòmi

L ap takle pye lonbray mwen 

Tout jounen tout lannuit


Manzè o vin leve l non

Vin leve malediksyon w lan

Sou do lakonsyans mwen


M anvi trankil

Vin pran pwa grate w la

Anba wòb ou pa kite somèy

Nan je bwagèt mwen non


M anvi sove nanm mwen

Men kòman pou m fè ?

M priye sèt sen, rele sètmil nachon

Sant anba wòb ou rete la

Devan pòt nen m

Si w konn deransya

Ki vin touche kòb sòl


M resite sètmil orezon

Sant anba wòb ou tache laverite m

Si w konn sèt peche

L ap suiv mwen tankou 

Jistis lanp bitasyon

Tankou nanpwenmank madichon

Bouch grann mwen pwononse


Sant anba wòb ou se giyon m

Nanpwen kowona, nanpwen rim

Manzè o vini, vini met lapè

Nan mitan latwoublay mwen

Vin remèt mwen tounen m

Ou mèt pran kanson m pito

Commentaires

Posts les plus consultés de ce blog

Ekwasyon

Urgence

forgeron du bonheur